Sou preparasyon tè banan, lè wap plante plan banan ou achte nan lot jaden banan
Plantê banan tan yo ap chanje. Maladi ap tonbe sou jaden banan yo .Kilti banan lan,mande’w, pou’w chanje tou, si ou vle fê banan toujou. Pou’w fê kob nan banann lan toujou, fok ou vle chanje abitid travay ou te gen yen , depi A jouska Z. Maladi Sigatoka nwa, tonbe sou jaden banan nan tout peyi a, lap fo’w pêdi tout lajan ou depanse nan banan lan, si ou panse , ou ka kontinye plante ansyen pye banan lan, san ou pa trete pye banan yo, kont maoka ak nematod, si ou pa plante plan banan ki pa pran maladi sigatoka nwa , sou’w pa mete angrè nan tê yo, sou’w pa wouze tê banan yo regilyemen, cha 8 a 12 jou. Si ou pa respekte minimum sa,ou preske pa nan banan ankô.
Si se men’m plan banan , ou te abitye plante, ou vle kontinye plante, pa gen pwoblem, wap toujou ka plante men’m plan banan yo, sepandan, fok ou aksepte bay pye banan yo, tout tretman, tout swen, ministê lagrkilti, mande pou nou bay jaden banan yo.
Ki sa yon plantê bezwen konnen nan prepare tê banan?
Si nenpot plantê banan vle prepare byen, yon teren poul plante banan, fok li konen pwen sa yo:
Yon tê , ki vini banan byen, son tê ki gen o mwen, 2 mêt fondê, pou pemet rasin an ba yo al chache dlo, jiska 2 mêt pwofondê.Yon tê banan pa dwe gen woch la dan’l.
Yon pye banan, bezwen yon tê soup, sou omwen 40 a 50 santimet pwofondê, pou premye ti rasin yo ka pouse byen
Yon pye banan bezwen yon tê san boul, byen kraze, pou lêr , dlo ,sikille byen andedan’l.
Yon tê banan , gen ladan’l, ensek, ze ensek, ze mawoka ,nenatod,ak lot jêm maladi, sitou, si tê a , tap fê banan depi lontan. Chak fwa ou laboure li, ou dwe kitel poze, pou zwazo, poul, ka manje gwo vêmin yo, pandan ke soley la, ap touye yon gwo pati nan nematod ki nan tê a..
Yon pye banan, bezwen yon tê, byen drene avek kanal wouze, avek dren, pou chase tout dlo envalid, tè a pa bezwen.
Yon tê banan bezwen anpil fimye pou fê tê a kenbe plis imidite, pou fasilite , la vi yon yon ban ti bêt itil ki andedan tê a.
Banan pa renmen tê ize, tê ki tap fê banan depi lontan Tê sa yo soutire vêmin , maladi ak nematode.
Kawotaj/siyonaj tê banan.
Dênye teknik, espesyalis banan yo, rekomande nan preparasyon tê banan, yo mande pou’w fouye twou banan yo, anvan ou kawotê a, pou ‘w pa rale krêm tê a, met sou dik yo. Teknik sa yo valab, tout kote , ou manke dlo wouze. Men, si ou gen kont dlo pou’w wouze tê’w, li preferab, pou siyonen teren an, sètadi, ou prepare tout kanal wouze, tout dren, tout kawo, nan moman wap prepare tê a, paske wouze tê, gen rêg pal tou pou respekte.
Selon ou gen anpil dlo oswa ou pa gen anpil dlo, gen yon jan pou prepare tè banan lan.Si ou gen anpil dlo, wap fè rara tè a, wap kraze boul tè yo, wap bite tè a, pou tè yo ka bwè dlo a byen.
Si o kontrê, ou pa gen anpil dlo, wap blje kawotè tè a, avek yon ti pant tou piti, ou bay tranche yo, pou dlo a ka mouye tè a.
Ki jan pou’w prepare tê banan lan.?
Pou’w prepare tê banan ou,wap fê rara tê a, wap simen angrê ak fimye nan tê a, nan moman wap kraze boul tê yo, si wap siyonnen tê a. Apre ou finn siyonnen tê a, wap fê kanal wouze yo, kap separe blok kawot yo, wap fouye yon dren nan pwent ki pi ba teren an, epi wap fouye tou twou plan banan yo.
Si o kontrê ,wap kawote tê a, wap fê kanal wouze’w nomalteman, chak 15 a 20 mêt distans, wap fê piktaj teren an, pou aliyen twou banan yo,epi wap fouye twou plan banan yo.
Nan ki delè ou dwe prepare tè a
Delê pou prepare tê banan vle di, kantite tan , ou kite, apre chak travay ou fê nan tê a, pou soley bat li. Minn de ryen, pratik sa enpotan anpil, paske ou pap janm imajine, kantite nematod, soley la rive tiye pou wou , chak fwa, ou kite , tê a fon degoute nan soley la, apre ou laboure, apre ou kraze boul tê yo, apre ou fouye twou banan yo.
Delè sa vle di tou, ou te gen tan gen dizon, byen lontan ak traktèman lan, oswa ak nèg, ki gen chari bèf la, pou vinn laboure tè a pou wou a lè.
Delê ou gen yen pou’w prepare tê a, depan si wap plante pwa tou. Si wap plante pwa, ou gen enterê, komanse pare tê depi septanm oktob, pou soley gen tan tiye enpe nematod , epi, pou kantite dlo wap bay pwa yo, pa pouri jenn ti rasin pye banan ki pa bezwen dlo chak 8 jou.
Pou mounn kap siyonnen tê ak traktê, li ta bon anpil, pou yo kole têt yo,an gwoup de 5-6- 10 plantê, pou pêmet operatê traktê a, laboure tê yo younn apre lot, kite yo fon ti poze, apre sa, retounen kraze boul tê yo, younn dê lot, epi, lê lap siyonnen tê yo, li siyonne yo younn apre lot.Si nou fêl kon sa, nap bay operatê traktê a, fasilite poul kite soley touye en pe nematod pou nou, sanl pa pêdi tan li menm.
A ki distans nap fouye twou plan banann yo, ki gwosè nap fouye twou yo, nan ki direksyon nap alinye twou yo?
Sou kesyon distans pou fouye twou banan yo, sa depann de tê a, sil rich oswa sil pov. .Si tê a gra, banan yo ap fê gwo pye, nap fouye twou yo pi lwen. Si tè a pov, nap fouye twou yo pi pre.Distans lan, depann tou, de konbyen pitit wap kite nan manman pye a. Si se yon sel pitit wap toujou kite a kote manman an, wap fouye twou yo a , 2,25, 2,50 mèt distans. Plis banan lan plante pi lwen, plis li pran zêb pi vit. Sepandan, avek maladi Sigatoka nwa, ki atake fey yo, e ki gaye nan jaden a travê fey banan ,kap fwote youn sou lot, nou gen enterê, pou fouye twou banan yo pi lwen. Pou yon kawo tê, ki dwe pran 1720 plan pye banan , avek prezans maladi Sigatoka nwa a, nap fouye twou yo,2,50 mêt pa 3 mêt. Gen plantê ki di, si yo fouye twou pye banan yo tout distans sa, yo pap jwen anpil banan pou yo vamm, dotan plis yo pa travay anpil tê. Plantê yo gen rezon, men bô kote pa nou tou, nou kwê, nou gen rezon tou, paske, si ou pa respekte , konsey nou bay sou banan lan, avek prezans maladi sigatoka a,ou gen dwa pedi tout tou.
Ki gwosê nap fouye twou plan banan yo ?
Pou gwosè twou a : plis twou yo pi laj kare kare, plis yo pi bon. Ministè lagrikilti rekomande pou fouye twou yo, 2 pye longè, 2 pye lajè, 2 pye fondè, si nap plante banan lan nan tè ki siyonnen.. Si se kawote oswa tranche nou te fè nan tè a, wap fouye twou yo, 2 1/2 pye, kare kare. Toujou sonje, toutotan , twou yo pi laj, yap pèmet , rasin banann yo devlope pi byen, paske yap jwenn plis imidite , plis tè soup pou yo grandi, plis manje kote rasin lan soti a.
Konbyen twou banan nap fê yon kawot pran?
Lè nap fouye twou yo, nou dwe aliyen twou yo, sou menm liyn la. Lê nou plante banan yo an liyn, nap jwenn plis fasilite pou okipe jaden an pi byen.
Apre banan yo finn leve, na komanse kawotê yo. A 2,50 distans antre chak pye sou longê, yon karot , fê kawot la pran 6 -7 twou pye banan, pou dlo , ka mache byen sou tê a.
Tretman tê nan twou pye banan lan, kont nematod
Kom se tê banan wap prepare,, wap melanje yon bouchon yon pwodwi nematisid. Boutik entran an, ap di’w ki nematisid pou’w achte ak ki kantite pou mete nan twou a. Jeneralman wap mete yon bouchon nematisid lan, , pandan wap mete yon ti mamit lêt kanasyon angrê , nan moman wap kouvri plan banan yo.
Si ou te gen tan met angrê a anvan, nan tout tê a, wap simen selman yon bouchon kola Firadan, , apre yon kouch tê, nan twou a, epi ou finn kouvri’l nêt.
Si se plan banan,ki soti nan metod PIF la, eske map bezwen fê tout tretman sa yo?
Gen plizyê sitiyasyon
1-Tê banan lan son tê ki tap fê banan depi lontan
Ou pa bezwen trete ni kont nematod, ni kont maoka , lê wap plante ti pye banan lan. Etan done, ,dlo wouze a, ap pote nematod nan tê a kan menm, chak 4 mwa, wap blije trete kont nematod. Wap mete yon kiyê nematisid, nan moman wap mete angrê nan pye banan lan.
2-Tê a, pa tap fê banan deja, son tê nef li ye.
Nan ka sa, ou pa bezwen pê anyen, sekle, bay dlo, bay anger, wap fê bel rekot banan kan menm
3-Si gen maladi sigatoka nwa nan zonn lan
Ou gen enterê, itlize yon plan banan , ki reziste a maladi sigatoka nwa a, ki soti nan metod PIF la, olye ou itilize yon lot plan banan , ki fet avek menm metod PIF la.
Leave a Reply