Kek konsey pou prezidan Jovnel moyiz, anvan’l fê pibliye bidjè 2017 -2018 lan

Pa gen okenn mache  prese  nan fê pibliye   bidjè 2017 2018 lan,  jan  chanm sena ak jan chanm depite a  vote li a. Tout kob  ki planifye pou depanse   nan  4 mwa  kap vini yo,  nou vle di, septanm, oktob,novanm ak desanm 2017 la, se sou relika, kob bidjê rektifikatif 2016, 2017, yap depanse yo.Se pou rezon sa, minister di plan, te  voye mande  chak minister yo, pou yo repwograme  depans yo, a pati bidjè, rektifikatif li te voye   bayo.

Nan nivo majorite senate ak depite ,ki swa dizan, kap soutni prezidan Jovnel, se yon vas  teyat kap jwe la nan mitan yon bann koken .Paleman an vle fè nou konpran, si  yo pran tout taks  sa yo, sou pèp la, se  paske, se premye fwa, yap vote  yon bidjè souveren, kote, yo pa mize, sou kob  blan konn bay, pou devlope kek gwo gwo pwojè nan peyi a.Se manti, se pa manti. Se vre, se  pa vre.Se divesyon. Nou dako ,ke majorite kob , la BID, Bank Mondyal, linyon ewopeyenn, kanada, japon, Taiwan, abitye bay pou peyi a, se atravè ONG yo bay kob say o, e ke  majorite  kob sa  yo, se nan yon twou san fon yo tonbe, kote mwatye nan kob sa yo, retounen nan oganis sa yo, nan konbinezon, ant blan yo ak ONG, yo menm yo kontwole nan peyi a. Si paleman an, te vle deside  ale  nan  direksyon yon bidjè souveren,  nou tap wè endikasyon a,  nan bidjè, li alwe pou pouvwa  jidisyè a. Nou tap wê li, nan desantralize bidjè nan nivo chak depatman yo. Mwen vle  nou konprann  tout jwet kap jwe la, nan nivo, tout entevansyon, 4 potpawol  ,pouvwa prezidan jovnel, ki pa ka antann yo, pou bay menm esplikasyon, pou jistifye  bidjè2017-2018 lan, se yon miz an sèn. Okenn nan yo, pa ka pale  klè.

Prezidan Jovnel, dwe pran tan li bezwen, poul reflechi, koman lap soti an ba bidjè2017-2018 la. Depite Abel deskolin, bal poul la. Depite  Abel Dekolin, konseye prezidan Jovnel, poul konvoke, a lestraodinè, asanble nasyonal la, apre,li finn konsilte swa dizan, majorite, li gen nan paleman an, pou yo jwenn, tout aranjman yo dwe fê, pou anpeche, boujwa , patizan Preval, patizan Mately, ak opozisyon, ki jwenn twop boulva nan bidjè sa pou yo  kouri, pou  kole tet yo ansanm, pou te fê beton an cho, menm jan yo te fel nan, pou jounen 12 septanm 2017 lan. Si prezidan  Jovnel, pa ka reflechi,  menm janl te konn reflechi, lè li tap reflechi poul jwenn kob poul devlope AGRITRANS,se paske, neg kap konseye’l yo, ap jwe  plizyè jwèt  nan jwèt pal la.Yon prezidan , pa vinn prezidan, par  pwof fôs li.Li vinn prezidan a la swit sipô negosye, yon gwoup nêg politik ak gwo boujwa yo, ki tap fê kob sou Mately/Preval. Priver,  te  bali nan kanpay electoral li.Men li dwe sonje  tou, li te bezwen, vot 700 mil ayisyen yo, li te pwomèt yon ban espwa, sou 6 milyon mounn ki tap tande’l tou.Li dwe jwenn yon konpwomi ant la chèv e le chou.

Prezidan Jovnel dwe konen, li pap ka fini ak koripsyon nan pouvwa   pal la, li ka  selman elabore lot  estrateji, pou  redwi  nivo koripsyon  a, nan kapital la, nan mitan gwo neg, ki te sipote’l nan eleksyon yo

1-Li ka redistribye koripsyon an,  nan pwovens lan, sou yon fom ki mwen kriminel.

2-Li oblije komanse redistribye  bidjê a, nan mande, minis planifikasyon an,replanifye  depans yo,  an fonksyon,  pwojê, ki pwograme nan chak depatman yo.Sa vle di, lap pwofite de bwouyay ki pete ant patizan PHTK, gwo boujwa yo ap opozisyon an, poul mande , paleman an, piblikman, nan yon, mesaj a la nasyon, poul  vote yon bidjê desantralize, ki prevwa, 2/3 nan   143 milya goud  , se nan depatman yo menm , kob sa yo ap depanse , a pati pwop planifikasyon , asanble depatmantal elaji, ki gen lejislatê yo, majistra yo, kasek yo, federasyon azek yo, komesan lokal, endistriyel lokal, sosyete sivil , pou deside , sevis piblik ak sevis  prive, ki dwe mete  nan chak depatman yo, pou fasilite la pwodiksyon, nan tout sektè yo

3-Li ka fè pwodiktè, ki se veritab patner  li, nan pwodiksyon, ede’l pwodwi, tout sa pep la bezwen, pou , la vi a  vinn mwen chêr, nan pran desizyon, poul kreye  nan chak depatman yo,  yon bank kredi riral la, ki pral pèmèt, ti kob lap mete  yo, miltipliye pa  4 , nan sikilasyon  ki pral fêt , a pati  lajan an kap antre soti, nan men tout kalite mounnn kap ekzèse   yon ti metye  nan  seksyon kominal yo

4-Afè oganizasyon la jistis ak sekirite abitan  yo, dwe tounen yon priyorite  ki pi fô ke agrikilti a, oswa karavann lan, paske jodia, pi gwo revandikasyon  tout pwodiktè, se la jistis ak sekirite , yo pa ka jwenn, ki pa gen yen nan seksyon kominal yo.Nan lojik sa, Bidjê pouvwa jidisyè a, dwe jwenn menm fos kob, nan chak depatman yo, pou mete yon tribinal de pê, nan chak komin, pou peye  700 jij tribunal de pê yo, pou nonmen plis jij de pê toujou, pou organize 200  majistra nan 17 jiridiksyon pakè yo, la kou dapel, la kou kasasyon, la kou konstitisyonel

5-Prezidan Jovnel dwe konen, li pap pap janm ka fê desantralizasyon an, sil pa pwofite de kabouyay, bidjê 2017-2018 lan, pete nan tout sosyete a, poul soti nan marekaj ekonomik, peyi a tonbe.

6-Gen yen yon sot de manipilasyon kap fêt nan diskisyon  sou bidjê, a savwa, kob yo pran nan men diaspora, kob yo pran sou pipiti yo, kob yo pa pran nan men kontrebandye yo,kobs taks  leta ap pran pasi pala, pou totalize  143 milya goud la se paske  yo bezwen yon bidjè souveren, .Tout koze sa yo se divesyon,  pou Jovenel Moyiz pa desantralize  bidjè a, o nivo depatman yo .Se yon sot de maskaj, senate ak depite   fê, nan deba  yo pa fê sou bidjè a, ni nan chanm depite  a, ni nan chanm sena  , pou pèmet sosyete a  wê, tout kalite paspas, tout kalite fouberi, ki kache  andedan  depans ki pwograme yo. Senatè, depite, ak sektê prive , ki nan endistri, famasi, agwo alimantè, nan enpotasyon espotasyon yo, kole tet yo, ak ekzekitif , yo menm te nonmen , nan fomasyon gouvenman Jacky lafontan,  pou kontinye koripsyon an, a travê menm estrikti, yo rive mete  nan administrasyon piblik la.

7-Sou’w tande senate Josèf  Lanbê, ap defann pozisyon ,pozitif li te pran, nan vot bidjê a, se divesyon  lap fê, poup pep la  pa wê, se desantralizasyon , li pa vle  ki fet vre, paske, son pwojè, yo tout gen yen, depi sou Preval, pase par Mately,  pase nan Priver ,rive  nan Jovnel Moyiz, pou desantralizasyon an pa fet. Neg yo vle, se nan potoprens, pou magouy lajan an  toujou fêt.Nou dwe sonje, sena  pat dakô, pou CEP la, kontinye ak eleksyon endirek yo, pou chak depatman yo, pa rive jwenn otonomi yo, nan bidjè a.Yo vle pou yo toujou di,  se yo ki te fê lopital, mache piblik, lekol, tribunal, pou pep la ka reeli yo, aloske, veritab wol yo, se te chak fwa, yo desann nan sikonskripsyon yo, se vinn esplike  mounn te vote yo a, pou ki sa, yo te pran tel desizyon nan chanm yo,pou konsolide tel enstitisyon, kap ran kominn yo  vinn  ekzateman pi fô, pi devlope, pi otonom, pi souvren.mèsi 

[email protected]

15 septanm 2017

 

Share

Be the first to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published.


*