Dégats économiques causés par le rat en Haiti

Kantite rat  nan vale latibonit

Rat viv pa kolôn chak 150 mèt. Si nou dakô ke yon kolôn rat  etabli  teritwa li chak 150 pa, sa vle di,  sou yon  demi kawo tè ,nap jwen 100 a 150  rat kap viv sou li.Sou yon kawo tè ,wap jwenn 200 a 300 rat .Nan menm kalkil la ,sou 22.234 kawo tè ou 37  mil ekta tè ki plante an diri nan vale a gen ape prè 5,558,560 rat.Kom rat la gen anpil lenmi natirel kap manje pitit li tou, tankou  koulèv frize grigri ,malfini   chat mangous  a kote travay mou nap fê pou detwi li nan jan pa yo, kantite sa  ka tonbe  a 2 milyon rat kap manje  tout bagay nan vale a   y konpri  diri.Mwen pa fin sur dènye chif  sa

Kantite diri rat ka manje  nan vale a ( espekilasyon)

Yon rat ka manje chak jou  2 kiyè mayi moulen  ki peze 30 gram . 2 milyon  rat ap ka  manje chak jou 60 ton .Nan yon ane  360 jou  rat yo ap manje 21.600 ton. Daprè sèvis pwoteksyon plant nan ministè lagrikilti, rat manje  320 mil ton sereyal  chak ane. Kom se pa diri selman yap manje se sak fè  espesyalis yo di  rat manje   jiska 25%   nan pwodiksyon diri nan Latibonit  .Nou dwe sonje  anko   depi rat pase yon kote nan yon depo manje ,li pipi ladan’l li poupou  ladan’l .Dejeksyon sa yo gate  2 a 3 fwa  manje  rat la manje  ki pa ka vann.

Se pa sereyal selman  rat manje ,li manje  fwi, patat ,manyok mazoubel banan,tayo, topinanbou.

Ki kantite diri pwodiksyon diri  a ye nan latibonit ?

Jeneralman direktè ODVA yo di se ant 75a 100 mil ton diri ki  fet nan peyi aavek 75%  nan vale a. Pèson pa ka di jodia ki kantite diri  ki pwodwi nan vale a , paske kantite diri  a depan de yon bann faktè karavan lan pa metrize.Karavan lan pa metrize dlo a ,li pa metrize semans lan, li pa metrize angrê a ,li pa metrize  kredi a, li pa metrize mekanizasyon agrikol la,  li pa metrize EDH ,li pa metrize  pèsonel oganis ODVA  ki pa gen anyen yap  fê sou teren an.li pa metrize   senatè ak depite ki kontwole tout depans kap fèt andedan karavan lan .Li pa metrize konmès enpotasyon diri a. li pa gen kontwol sou  oken aosyasyon sosyete sivil a fome  pouachte van sevis  nan filyè diri a. Li enposib pou yon mounn di, ki kantite diri  ki pwodwi nan peyi a.Lè gouvènman an di pwodiksyon an ogmante de 30%  nou pa konen  de ki pwodiksyon lap pale.

Sa  pèt sa yo reprezante  an tèm lajan ?

Pwiske nou pa konen pwodiksyon diri a ,a koz gen yon ban pwoblèm nou pa rezoud  nan teknik pou kiltive dieri a , nou blije rabat nou sou chif tradisyonel ki vle ke  se ozalantou 75 a  80 mil ton diri ki pwodwi nan latibonit lè tout bagay ap mache pli zou mwen byen..Si nou  dako ak chif 25%  ke rat manje a, nap di  25% pèt sa reprezante  15 a 20 mil ton.Yon ton diri  ki  mezire  400 mamit ,a 150 goud mamit ,koute 60 mil goud.Si rat manje  10 mil tout kalite manje li manje,sa vle di rat la manje  diri pou 600 milyon goud chak ane.

Li bon pou nou raple ke depi 1998 oken  kanpay deratizasyon pa fèt nan peyi a.Peyi dayiti sal tout kote  nan anviwonman li e  salte  sa yo,   reyini kondisyon ideyal pou rat peple ad libitom, manje ad libitom  nan peyi a.

 

 

 

 

Share

Be the first to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published.


*