
Ki bèt rat ye ?
Rat son malfektê. Rat son rafinê.Li rize anpil tankou politisyen .Li malpwop ,li volê,li visye,li koken, li frekan li piyajè , li peple an pil, li manje tout bagay .Li se sous anpil maladi.Rat pa sourit men tout kote ou wè younn, wap jwen lot la kan menm.
Koman rat viv »
Rat viv an kolôn 10 a 30 rat.Chak kolôn bati bitasyon li pou li viv. Gen yon distans 150 pa ki separe chak lakou rat.Oken rat pa ka kite teritwa la kou li, poul ale nan yon lot lakou lot rat yo ap devore’l.nan zon ki plen rat, nap toujou tande gen anpil bri kap fê antre rat yo.
Pouki sa Rat renmen fê bri kote yo ye ?
1o)-Lè kolon lan depase 25 a 30 rat ,yo batay antre yo pou mete en pe deyo, pou al fome bitasyon pa yo.
2o)-Yo rete kote yo jwen ki gen anpil manje .Lê sa se festen yo fê,,yo antan yo pou yo fete mirak sa nan fê bri kontantman antre yo
3o)-L,i nan nati rat poul fê bri pake chak fwa dan kanin li lonje twop, li depase yon demi pous, rat la blije ap chache materyo ki di poul limen dan li ,san sa li pap ka manje ,lap mouri grangou.
Ki kote rat renmen rete poul viv ?
Pou yon rat rete yon kote fon nan kote sa li jwen 3 bagay :Sekirite manje ak dlo.
Rat jwen sekirite tout kote ki fê nwa ,tout kote ki gen kash kash ,tout kote ki malpwop tankou nan latrin, nan renyen kay,nan twou pye bwa, kote ki gen anpil raje , anba pil woch, tou pre jaden yo pral plante.
Rat renmen kotek gen dlo
Rat bezwen 2 gwo kiyè dlo poul bwè chak jou paske’l pipi anpil.Nan vale latibonit rat fè nich yo nan dig jaden diri yo. Lè yap refè dig yo abitan yo konn touye anpil rat.Chak kote rat la pase, li pipi li poupou, pou lê lap retounen li idantifye kote li te pase a paske rat pa itilize zye’l poul mache. Li retounen pase nan menm wout li te pou garanti sekirite’l ,pou mounn pa touye’l.
Li remen rete nan latrin nan twou egou ak tout kotek fê nwa kote ou pap jwenn li
Ki kalite manje rat manje e ki kantite manje yon rat manje poul viv ?
Rat manje tout sal jwen nan yon kominote, li pa gen yon manje fiks.Chak 10 jou yon rat manje yon kantite ki egal a gwosè kô li. Yon rat gen gwosè yon zoranj , li peze ant 112 a 225 gram..Yon rat ka manje 16 a 32 kiyè mayi moulen chak 10 jou. ;Li ka manje 20 gram manje chak jou. Si ou panse , wap senpleman mete manje pwazon pou li ,lap vinn manje wap pèdi tan’w wap pèdi kob ou nan paske li pap manje manje pwazon an.Rat pa manje manje ki santi chawonj.Pou’w touye rat la fok ou chache pwopte zon lan 3 jou a lavans poul pa jwen manje poul grangou poul ka manje manje pwazonen wap mete pou li a.
Ki jan rat deplase
Rat pa mache la jounen paske’l pè soley..Si ou fêmen yon rat nan yon bwat ki fèt an chiken wire ou mete nan soley, lap mouri nan 15 minit.Se pou tet sa li toujou mache lan nwit. Rat toujou pase nan menm chemen li abitye pase. Rat pa sêvi ak zye li poul mache.li sevi ak odê poupou li, odê pipi li li lage tout kote’l pase poul ka toujou pas menm kote a.Rat deplase an kolon .Lê lap manje li deplase an kolôn poul manje
Ki sa rat pê nan vil ?
Rat pè chat ,koulèv frize, malfini mangous grigri,paske bêt sa yo ap manje li menm ak tout pitit li.
Koman rat fê pitit ?
Rat viv yon lane. Li fet zye fèmen san plim sou do’l. Sou 12 jou zye’l wouvè. Yo tete let manman an e yo manje tout sa manman an pote pou yo. Sou 22 jou yo manje tout bagay.
Lè rat la gen 3 mwa li komanse kwaze poul fê pitit.Li mêt ba sou 22 jou.Li ka bay ant 6 a 12 ti rat..Nan yon ane li ka fè pitit 6 fwa.Nan yon ane yon rat ak pitit a pitit li bay 250 mil rat.
Ki maladi rat bay ?
Rat bat anpil maladi : Tifoyid ,maladi lajonis,la fyèv rat,lè rat mode yon moun pis ki sou ko rat la bay maladi la pès.Li bay malad leptospiwoz..Pis la bay maladi Lyme a koz yon mikwob kap viv sou kô rat la
Kijan pou’w touye rat la
Abitan kon melanje siman ak farin ki al bouche trip rat la lèl manje melanj sa.
Yo tann pêlen pou rat .
Ou ka itilize yon ti aparey elektrik ou ploge nan kouran ki rele « multi tech pest Repeller » pou’w kwape rat andedan la kay ou.Aparey sa pwodwi yon ti bri ki kwape rat la e se sel zorey rat la ki tande bri sa lan nwit
Ou gade chat la kay ou pou’w peche rat yo
Ou ka mete pwazon nan manje pou’w touye’l
Men yon bagay enpotan pou’w konen fok ou pwopte tout kote ou deside touye rat yo poul pa jwen manje pandan 3 jou poul ka manje manje wap mete pou li a.Si ou kite tout kote sal lap jwen manje li abitye manje li pap manje manje pwazonen an.
Mounn yo konn antoure pye palmis oswa yon poto ak tol, pou konsève mayi pou rat la pa ka monte sou pye bwa sa yo
Leave a Reply